Ankouraje jèn ki bileng yo
Eksperyans entèpretasyon enfòmèl la se yon bagay prèske tout timoun bileng konnen. Tradui mo ant paran ak doktè, oswa anplwaye bank, oswa anplwaye makèt. LIPS pran konpetans sa a nan men jèn nou yo epi li transfòme bileng nan yon zouti ki pwofitab e ki sèvi kominote a. Pwogram nou an rekonèt baryè langaj la mete pou fè tout vwa tande epi li vize pon baryè sa a nan bay aksè a langaj epi angaje jèn nou yo nan defans dwa ki baze nan kominote pa yo. An menm tan, etidyan nou yo aprann transfòme yon konpetans yo deja genyen an yon chemen karyè ki pwofitab, sa ki louvri yon dividal opòtinite pou yo menm ak pou lavni yo
Etidyan yo dwe bileng nan Anglè ak Panyòl, Pòtigè, oswa Kreyòl Ayisyen nan moman enskripsyon an.
Pou kesyon sou LIPS, kontakte nou nan [email protected].
Orè klas
- Ane LIPS la kòmanse nan mwa Oktòb pou l fini nan mwa Avril.
- Enskripsyon pou LIPS fèt yon sèl fwa pa ane, nan sezon Otòn.
- Klas yo fèt yon fwa pa semèn, chak jedi, soti 4:30pm pou rive 6:30pm.
- Etidyan LIPS yo pral aprann konpetans entèprèt/tradiktè ki an demann epi aplike yo nan divès evènman atravè vil la atravè òganizasyon kominotè ak defans dwa, pandan y ap itilize taktik entèprèt pwofesyonèl ak òganizatè kominotè nan vil nou an.
- Elèv yo dwe bileng nan Anglè ak Panyòl, Pòtigè, oswa Kreyòl Ayisyen nan moman enskripsyon an.
- Yo peye elèv yo pou tan yo pase nan klas la, epi elèv premye ane yo touche $15.50 pa èdtan. Elèv ki re-enskri apre premye ane konplè yo ap touche $1 anplis pa èdtan pou chak ane adisyonèl.
- Pwogram nan ofri elèv LIPS yo opòtinite reyèl pou travay kòm entèprèt/tradiktè nan kominote yo, avèk konpansasyon.
Mande Sèvis Entèpretasyon oswa Tradiksyon
Sèvi ak fòmilè ki anba a pou mande sèvis entèpretasyon ak tradiksyon nan men etidyan LIPS yo! N ap kontakte w pou nou pale de bezwen w yo ak fason nou ka ede w. Tanpri kontakte nou 1 a 2 semèn anvan evènman w lan si sa posib, pou nou ka jwenn etidyan ki disponib.
Men frè nou yo:
Men frè nou yo:
- $40 pa èdtan pou entèpretasyon an menm tan
- $30 pa èdtan pou entèpretasyon konsekitif oswa pou ede an jeneral nan yon evènman
- $0.15 pa mo pou tradiksyon, avèk yon minimòm 100 mo.
Ou vle sipòte The Welcome Project?
|
|
Tanpri, nou ankouraje ou pou sipòte Welcome Project la ak tout misyon nou an pou ogmante pouvwa kolektif kominote imigran yo. |
Li règleman sou enfòmasyon prive donatè nou yo isit la.