Ranfòse Imigran Atravè Kominikasyon
Itilizasyon tem edikasyon ak objektif, travay, kay ak kominote, konpetans financye, sante ak byennèt, ak sivik, Welcome Projet la prezante elèv yo ak resous kominote, detay yon nouvo kilti, ak opòtinite pou patisipe nan lavi sivik nan vil la.
Klike sou bouton ki anlè a pou w antre sou lis datant pou klas ESOL nou yo. Lè w enskri, sa pa garanti w yon plas nan klas semès sa a. N ap kontakte w sou WhatsApp lè gen yon plas ki vin disponib.
Pou plis enfòmasyon, rele 617-623-6633 oswa voye yon mesaj tèks nan 508-233-3376.
Orè Kou yo
- Gen de semès klas pa ane, Otòn ak Prentan, epi enskripsyon an fèt nan mwa dawou ak janvye respektivman.
- Klas yo fèt de fwa pa semèn, lendi ak mèkredi.
- Nou ofri kat nivo ansèyman, soti nan debutan rive nan nivo entèmedyè avanse.
- Klas nan maten yo fèt soti 9:30 am rive 12:00 pm (Nivo 1, 2, 3, ak 4).
- Klas aswè yo fèt an pèsòn soti 6:30 pou rive 8:30 nan aswè (Nivo 1 ak 2) oswa sou entènèt soti 6:30 pou rive 8:00 nan aswè (Nivo 3 ak 4).
- Elèv yo gen tou opsyon pou travay ak yon titè youn-a-youn andeyò klas la pou sipò adisyonèl.
- Elèv yo dwe peye yon frè enskripsyon $30 pou yon semès kou.
- Si w bezwen èd finansye, gen bous detid ki disponib pou kouvri frè $30 a.
- Moun k ap viv nan lojman piblik yo pa bezwen peye frè yo.
Eksperyans Etidyan
|
|
"Kòm premye eksperyans travay mwen nan kote sa a, mwen rekonesan. Se te yon bon akèy nan yon kote ki vrèman bon. Li ede mwen konstwi kominikasyon e li ede mwen avèk lang Angle mwen.'
'Mwen vle di yon gwo mèsi bay "Welcome Project" ak pwofesè mwen yo ki ede mwen rive jwenn objektif mwen nan syans edikasyon mwen nan Etazini. Jodi a, mwen toujou ap chèche travay nan domèn mwen an. Mwen vle di ankò yon lòt gwo mèsi soti nan fon kè mwen, pou konfyans ou ak travay di pou ede mwen." Yon etidyan ESOL nivo 4 |
Ou vle sipòte The Welcome Project?
|
|
Tanpri, nou ankouraje ou pou sipòte Welcome Project la ak tout misyon nou an pou ogmante pouvwa kolektif kominote imigran yo.
|
Li règleman sou enfòmasyon prive donatè nou yo isit la.