top of page

YUM

Participating YUM Restaurants

Depi 2009, yon gou nan vil imigran yo favorize echanj ak konpreyansyon kiltirèl nan goute restoran lokal ke imigran yo ap jere. Kizin bon gou ak natif natal sòti nan peyi tankou Meksik, Etiopi, End ak anpil lòt toujou!

Yon nwit plezi nan selebre kilti ansanm avèk pwogram vann sa’k bay pi bon pri a an silans ak lotri; nou menm tou nou onore travay san rete manm kominote lokal yo.

 

Kat Pwogram Restoran (Restoran ki Patisipe yo)

Restoran ke imigran yo ap jere yo se kèk nan pi bon sekrè Somerville kenbe! Se pa sèlman ou goute richès nan bon plat manje yo, men tou anbyans ki gen nan tradisyon ak fyète avèk preparasyon nan chak plat manje.

 

Nou te deside ke li te tan pou tout moun eksplore ak pwofite restoran ke imigran yo ap jere yo – san bliye avèk rabè! Pou $10 ($11 sou entènèt) ou resevwa kat YUM nou an, ki ka itilize nan restoran ki patisipe yo ki ap sèvi bon manje natif natal peyi Etiopi, End, Japon, Nepal, Meksik, Itali, ak Pòtigal (gade anba’a).

Itilize Kat YUM nou an nan restoran ki patisipe yo ap fè twa (3) bagay:
W’ap sipòte restoran lokal ke imigran yo ap jere yo ak ekonomi lokal la.
Tout kòb ki fèt nan vann yo ap sipòte edikasyon ak pwogram lidèchip pou jèn imigran ak granmoun yo atravè Pwojè Byevini nan.
Ou jwenn rabè sou bon manje lokal yo! Chak fwa ou montre Kat Restoran YUM nan nan yon restoran ki patisipe, ou resevwa 10% rabè sou kòmand ki koute $25 oswa plis pou tout ane a.

1

2

3

Eske mwen ekonomize lajan vre?

Wi, ou ekonomize!

 

Pa egzanp, si ou vini avèk yon zanmi epi depanse $35 pou chak manje - sa vle di kat la peye pou tèt li nan twa (3) vizit sèlman!

 

Avèk dis (10) bon restoran pou byen eksplore, pa gen okenn dout ke ou ap sèvi ak kat YUM nou an plis pase twa (3) fwa pandan yon ane.

Restoran ki Patisipe nan YUM nan

East Somerville | 147 Broadway, Somerville MA 02145

East Somerville | 167 Broadway, Somerville, MA 02145

Union Square | 25 Bow Street, Somerville MA 02143

East Somerville | 99 Broadway, Somerville, MA 02145

Powder House Square | 132

College Ave, Somerville, MA 02144

Powder House Square | 858 Broadway, Somerville, MA 02144

East Somerville | 76 Broadway, Somerville, MA  02145

Teele Square | 237 Holland Ave, Somerville MA 02144

Teele Square | 1127 Broadway, Somerville, MA 02144

W’ap chache lòt fason pou sipòte lidè imigran Somerville yo?

Konsilte paj volontè nou an oswa fè yon kontribisyon nan travay nou an!

bottom of page