
Lidèchip pou Jèn yo
Pwogram pou Jèn Nou yo
Pwogram pou Jèn Nou yo konsantre sou ede jèn yo ki sòti nan fanmi imigran yo rive jwenn tout potansyèl yo. Nou ofri anrichisman akademik, sipò pou jèn yo prepare pou antre nan kolèj oswa sou mache travay la, ak pwojè sou angajman sivik sou pwoblèm kominote a ki konsène jèn imigran yo.
​
​
Pwogram Entèprèt Lyezon nan Somerville (LIPS)
Fòme jèn adolesan bileng nan Somerville yo pou ede nan entèpretasyon lang nan evènman kominote a ak reyinyon yo.
​
​
Kan Ete / Pwogram Narasyon Dijital
Yon pwogram kan ki dire sis (6) semèn ki bay opòtinite pou jèn yo kiltive relasyon ki dire avèk kamarad klas yo epi eksplore lòt kilti. Objektif nou se pou jèn yo kreye istwa dijital pou prezante a pwòp kominote yo nan itilize pwoblèm yo sanble nan men moun nan lokalite yo.
​
Pwogram Premye Jenerasyon nan Kolèj
Ofri atelye ak pwogram pou paran imigran yo ak fanmi yo nan konsantre sou sipòte timoun yo nan sistèm edikasyon Ameriken an.
​
Asistan Mystic / Club Èd pou Devwa Lakay
Nan sal klas la, pwofesè yo konn pa gen ase tan nan klas la pou ede elèv ki gen difikilte yo. Pou rezoud pwoblèm sa’a, nou bay yon aprantisaj ki santre sou elèv, sipò akademik ak opòtinite sèvis pou timoun ki gen 8 rive 13 ane.



Pwogram Entèprèt Lyezon nan Somerville (LIPS)
Nan konsantre sèvis LIPS yo sou pwoblèm kominote a, nou bay yon pon natirèl ant devlopman konpetans pou avansman karyè ak devlopman konesans ak devlopman lidèchip pou yon angajman kominote ki efikas.
Jèn imigran yo ap lite selon tradisyon yo avèk kilti peyi lakay yo ak nouvo peyi yo. Pou jèn imigran yo adapte yo sa ka difisil lè Anglè se pa’t lang manman a papa yo. Kòm yon rezilta, aprantisaj Anglè a vin yon gwo pwoblèm pou yo ka jwenn aksè ak bezwen debaz yo tankou sante, lojman ak sèvis edikasyon. Epoutan malgre pwoblèm sa yo, jèn imigran yo jwe yon wòl enpòtan nan fanmi yo ak kominote yo kòm entèprèt / tradiktè, medyatè ak lidè atravè tout endistri yo.
LIPS se pwogram fondamantal nou an ki bay yon opòtinite inik epi yo peye pou elèv bileng nan lekòl segondè yo. Elèv yo ap aprann konpetans entèprèt / tradiktè ke y’ap chèche epi l’ap aplike yo nan plizyè evènman nan tout vil la.
Sa yo gen ladan:
​
Klinik Sante
Meri
FAFSA evènman paran
Sesyon enfòmasyon nan Kolèj
Nou kwè nan konstwi wout pou karyè yo! Aprè jèn nou yo gen 18 ane, yo gen yon aksè pou gen sètifika atravè tout endistri yo kòm entèprèt / tradiktè pwofesyonèl. An reyalite, daprè Biwo Ameriken pou Travay ak Estatistik, yon entèprèt / tradiktè pwofesyonèl ka touche an mwayèn 46 mil, e menm jiska 83 mil dola Ameriken kòm kòb l’ap touche.
Si ou gen kesyon, tanpri kontakte, Milla Maia milla@welcomeproject.org
​
Jèn Entèprèt Premye nan Fanmi li ki Prale nan Kolèj (Somerville Patch)
Me 2011
​
LIPS Jèn yo Itilize Konpetans Bileng yo pou Pèmèt Kominote a Devlope
Oktòb 2010
Jwenn Pouvwa Mo yo, (Boston Globe)
Out 2010
​
Senk Jèn Somerville ki Sètifye kòm ko-envestigatè pou Pwojè Rechèch ki baze sou Kominote a
Out 2010
Nouvèl ak Nòt
Kan Ete ak Istwa Dijital
Pwogram ete nou yo rasanble ansanm jèn timoun ki sòti nan fanmi imigran yo pou eksplore orijin kiltirèl yo nan pwojè atistik, pwomnad, istwa, ak fotografi.
Nan mwa Jiyè 2012, nou te òganize premye kan nou an ki te dire de (2) semèn pou timoun ki gen 9 rive 12 ane. Nèf kamarad ki sòti Ayiti, Gwatemala, Brezil, Pòto Rico ak Giyan te reyini ansanm pou kreye pwojè fotografi, fè manje, ak atizana. Kamarad yo te aprann enfòmasyon sou orijin fanmi yo ak pataje kilti ak istwa yo youn ak lòt.
​
Istwa Dijital
Pa twò lontan, jèn yo te patisipe nan yon pwogram ete ki te dire sis (6) semèn, kote yo te konplete pwòp istwa dijital yo - konbine imaj ak naratif pou yo te ka prezante pwòp vwa ak vizyon yo nan kominote a. Tout wout la, yo te fè interview avèk manm fanmi yo sou orijin imigran yo, eksplore katye nan vil la, ale nan pwomnad, epi diskite sou pwoblèm ki te konsène yo nan katye a.