top of page

Enfòmasyon sou Nou

Enfòmasyon sou Pwojè Byevini nan

Òganizasyon prensipal imigran Somerville, Pwojè Byevini nan konstwi pouvwa kolektif imigran yo pou patisipe ak nan pran desizyon pou kominote a. Nou fè sa atravè pwogram nou genyen yo ki ranfòse kapasite jèn imigran yo, granmoun ak fanmi yo pou yo defann tèt yo epi enfliyanse lekòl yo, gouvènman an ak lòt enstitisyon yo.

Nou baze nan Mystic Public Housing Development (Devlopman Lojman Piblik Mystic), epi nou travay avèk imigran yo nan tout vil la. Efò nou yo konbine nan bay sèvis, devlopman lidèchip ak opòtinite pou angajman sivik – sòti nan pwogram fòmasyon entèprèt pou jèn bileng nou yo (Liaison Interpreter Program of Somerville or LIPS) (Pwogram Entèprèt Lyezon nan Somerville oswa LIPS) rive nan English Classes (Klas Anglè yo) k’ap ede elèv granmoun k’ap aprann yo navige nan yon nouvo kilti ak kominote nan Summer Youth "Culture Camp" (Kan Kilti nan Ete Pou Jèn) nou yo. Ale verifye paj sa yo pou ka genyen plis enfòmasyon.

Misyon Nou

Òganizasyon prensipal imigran Somerville, Pwojè Byevini nan konstwi pouvwa kolektif imigran yo pou patisipe ak nan pran desizyon pou kominote a. Nou fè sa atravè pwogram nou genyen yo ki ranfòse kapasite jèn imigran yo, granmoun ak fanmi yo pou yo defann tèt yo epi enfliyanse lekòl yo, gouvènman an ak lòt enstitisyon yo.

Misyon

Istwa Nou

Pwojè Byevini nan se yon òganizasyon ki baze sou kominote ki te kòmanse nan Devlopman Lojman Piblik Mystic nan Somerville, Massachusetts nan ane 1987, aprè yo te egzije entegrasyon rasyal nan devlopman pa leta.

Kòm nouvo rezidan yo te rive sòti Ayiti, Amerik Santral, Vyetnam ak nan lòt pati nan mond lan, anpil ladan yo te viktim diskriminasyon ak pèsekisyon kote yo te pi san defans: lakay yo. Fondatè Pwojè Byevini yo, yon gwoup lokatè ki devwe ak manm kominote a, te reyini ansanm pou ede sipòte ak bay nouvo rezidan sa yo mwayen pou yo viv.

Nan trant ane ki sot pase yo, Pwojè Byevini nan te evolye nan travay avèk kominote imigran an nan tout vil la, pandan y’ap kontinye relye yo pi pre avèk rezidan Lojman Mystic yo. Objektif jeneral nou depi lè nou te kòmanse te pou ranfòse lavi kominote Somerville la nan ankouraje yon aksè ki san pati pri nan resous sosyal ak ekonomik vil la. Nan ane 1987, objektif sa’a te espesyalman lye nan sipòte entegrasyon san danje nan devlopman an.

Jodi a, Pwojè Byevini nan bay pwogram pou imigran yo ak fanmi ki p’ap touche anpil kòb yo nan Mystic ak nan tout Somerville k’ap amelyore lidèchip ak devlopman pèsonèl, bay aksè a travay ak edikasyon, ede rezidan yo aprann lang Anglè ak ti diferans ki genyen yo nan yon nouvo kilti epi angaje yo pi plis toujou nan lavi sivik nan vil la.

Istwa
Ekip

Ekip Nou an

Warren Goldstein-Gelb

Program Director

Warren Goldstein-Gelb

Pwogram Direktè

Gillian Burleson

Kòdonatè Edikasyon pou Granmoun yo

Alison Kuah

Kòdonatè Pwogram pou Jèn yo

Kenia Alfaro

Kòdonatè Devlopman

IMG_0363_edited.jpg
Milla Maia

 Oganizatè Kominotè

Komisyon Konsèy Nou an

César Urrunaga

President

Sarah Shugars

Vice President

Melora Rush

Ivrose Audate
Laura Brooks
Tim Groves
Erica Satin-Hernandez
Sylvia De La Soto
Meaghan Kilian
Estefany Ramos

Komite Komisyon Konsèy la

Executive Committee

Program Committee

  • César Urrunaga (President)

  • Sarah Shugars​ (Vice President)

  • Tim Groves (Treasurer)

  • Melora Rush (Clerk)

  • Erica Satin-Hernandez (Chair)

  • Mahesh Limbu

  • Susan Ostrander

  • Judith Perlstein

Fundraising Committee

  • Susan Ostrander (Chair)

  • Laura Brooks

  • Beth Ann Dunn

  • Tim Groves

  • Meaghan Kilian

Nominations Committee

  • Erica Satin-Hernandez (Chair)

  • Alex Pirie

  • César Urrunaga

Komisyon
bottom of page